GOCARLEM LE SLAMEUR

Published on by H'AIDE MAGAZINE

GOCARLEM LE SLAMEUR

Notre jeune slameur GOCARLEM nous revient tou feu tout flamme

Nan sosyete a swa ou se youn nan moun k'ap galope yo swa ou se chwal

Yon moun ki konn sa li vle vre pap kite yon lòt enfliyanse chwa l'

Yo di m' bagay yo se etap pa etap lavi se yon tounwa

Malgre efò m' lè y'ap pale m' de avni mwen wè tou nwa

Yo dematyase n' pou n' pa viv lavi sa kareman

Ti nèg pa foto mezanmi kidonk li paka gen ankadreman

Reyalite n' an nwa e blan ak bòz ak kleren n'ap chache jwenn yon lòt koulè

Mil kòd ka nan sentiw poutan ou paka jere yon doulè

Pran beton lè bagay yo rèd pa bliye se sa li te di

Sigarèt la limen debò vle pa vle fòk nou fimen l'

Nan balans lavi sanble ou pa peze lè se sèl tèt ou ki lou

Si se pa blag ti jowèl ak toto m konnen nou t'ap fin fou

Pa bò isit pwoblèm tounen viza pou fè tèt nou pati

Twòp egzanp montre n' se pa ak wòch avni nou ap bati

Etidyan ta dwe limyè lè fènwa a se inyorans

Se pran pou nou pran l' ann pa goumen pou yo bann chans

Gocarlem putain!!!!!!!!

Published on Coin des Artistes

To be informed of the latest articles, subscribe:
Comment on this post